Pou konprann mouvman sou mache a (monte / desann). M’ap esplike yo youn pa youn:
- ADP Non Farm Employment (Créations d’emplois non agricoles – ADP)
Pays : USA
Impact : Élevé (sou USD)
Kisa li ye ?
Se yon estatistik ki montre konbyen travay ki kreye nan sektè prive (sauf agrikilti) pandan mwa ki sot pase a. Li bay yon endikasyon sou jan ekonomi an ap fonksyone.
Avantaj lè li BON (pi wo pase previzyon):
Montre ekonomi an ap grandi.
Travay ap kreye → plis konsomasyon → USD ka monte.
Ris lè li MOVE (pi ba pase previzyon):
Endike yon feblès ekonomik.
Mache travay an difikilte → USD ka desann.
Kijan pou reaji ?
Si ADP > Prévizyon, sa se bon nouvèl → USD ka monte.
Si ADP < Prévizyon, sa se move nouvèl → USD ka desann.
- Stocks de pétrole brut (Crude Oil Inventories)
Pays : USA
Impact : Élevé (sou USD + pétrole)
Kisa li ye ?
Li montre kantite baril petwòl ki estoke pa konpayi yo. Sa enfliyanse pri petwòl la sou mache mondyal.
Avantaj si STOCK BA:
Mwens petwòl nan stock = plis demann = pri petwòl monte.
USD ka monte si sa montre konsomasyon fò.
Ris si STOCK WO:
Twòp petwòl nan stock = twòp rezèv = pri petwòl desann.
Sa ka endike ekonomi ralanti → USD ka desann.
Kijan pou reaji ?
Si résultat < Prévizyon, mache ka monte.
Si résultat > Prévizyon, mache ka desann.
- Discours de la Fed / Minutes de la Fed (FOMC Minutes)
Pays : USA
Impact : Très élevé (sou tout mache)
Kisa li ye ?
Se rezime sa Bank Santral Ameriken (Fed) panse sou ekonomi an, ak si y’ap ogmante oswa bese to enterè yo.
Avantaj si TON FORT (hawkish):
Si Fed di ekonomi an solid e yo panse ogmante to yo → USD ka monte.
Ris si TON DOU (dovish):
Si Fed montre enkyetid e vle bese to yo → USD ka desann.
Kijan pou reaji ?
Obseve mo yo itilize: si w tande « strong », « inflation risk », « rate hike » = USD monte.
Si w tande « slowdown », « uncertainty », « cut rates » = USD desann.
- PMI Services / Non-manufacturing (ISM)
Pays : USA & France
Impact : Élevé (sou USD ou EUR)
Kisa li ye ?
Li mezire jan sektè sèvis yo ap fonksyone. Si li plis pase 50, sektè a ap grandi. Si li mwens, li ap kontrakte.
Avantaj si PI BON (PI > 50 & > prévision):
Sektè sèvis yo solid → bon pou ekonomi an → USD oswa EUR monte.
Ris si PI MOVE:
Sektè sèvis yo ralanti → USD oswa EUR desann.
Kijan pou reaji ?
Si résultat > 50 e pi wo pase previzyon → bon signal.
Si résultat < 50 ou pi ba pase previzyon → move signal.
Kijan pou w konnen kilè lap monte oswa desann ?
- Compare « Résultat » ak « Prévision » & « Précédent »
Résultat > Prévision = bon nouvèl → souvan mache monte
Résultat < Prévision = move nouvèl → souvan mache desann
- Gade impact news la (nivo 3 tèt bef = gwo mouvman posib)
- Gade mouvman sou chart an tan réel (candle reaction 5min – 15min)
- Konfime ak volume (si gen gwo volume, se move oswa bon nouvèl ki vrèman ap dirije mache a)