Analiz Nouvèl Ékonomik Sou EUR/AUD (31 Mas)
Tablo ekonomik nouvèl enpòtan pou EUR (Euro) ak AUD (Dollar Australien).
Ann analize avantaj yo, risk yo, epi kijan ou ka itilize yo pou predi mouvman mache a.
-1. IPC Allemagne (Mensuel) – EUR (08:00)Sa sa vle di?IPC (Indice des Prix à la Consommation) mezire enflasyon nan Almay.
Si IPC monte → enflasyon ap ogmante → Bank Santral ka monte to enterè → Bon pou EUR.
Si IPC desann → enflasyon fèb → Bank Santral ka ralanti monte to enterè → Move pou EUR.
Avantaj :Prevwa te 0.3%, men Pcdt.
(Prediksyon Actuel) se 0.4%.
Sa vle di enflasyon an pi wo pase sa yo te prevwa, sa ka bay EUR sipò.
Risk :Si mache a panse ke Bank Santral Ewopeyen an (BCE) pa prale monte to enterè yo pi vit, sa ka limite monte EUR a.
Si lòt done ekonomik yo pa bon, EUR ka pa monte twòp.
-2. Décision de la RBA sur les taux d’intérêt – AUD (23:30)
Sa sa vle di?RBA (Reserve Bank of Australia) deside si yo kenbe, monte, oswa bese to enterè yo.
Si RBA monte to enterè → AUD monte.
Si RBA kenbe to a menm → Depann de kominike yo, AUD ka monte oswa desann.
Si RBA bese to enterè → AUD desann.Avantaj :Prevwa te 4.10%, epi Pcdt. rete 4.10%.
Si RBA bay yon kominike ki montre yo panse monte to enterè yo nan lavni, sa ka bay AUD sipò.
Risk :Si RBA montre ke yo paka monte to ankò, AUD ka pèdi valè.
Si lòt done ekonomik yo fèb, sa ka mete presyon sou AUD.
Ki efè sa ka genyen sou EUR/AUD?
1.Si IPC Allemagne wo epi BCE vle monte to enterè yo, EUR ka monteEUR/AUD ka monte si EUR pi fò pase AUD.
2. Si RBA pa montre entansyon monte to enterè ankò, AUD ka febliEUR/AUD ka monte si AUD pèdi fòs.
3. Si RBA fè mache a konprann yo ka kontinye kenbe to enterè wo pandan lontan, AUD ka monteEUR/AUD ka desann si AUD pi fò pase EUR.
4. Si EUR gen bon done enflasyon men RBA montre li solid, mache a ka balanseEUR/AUD ka pa fè gwo mouvman si toude deviz yo jwenn bon sipò.
-Konklizyon Final
Si EUR ranfòse ak bon enflasyon, epi RBA pa agresif sou politik li yo → EUR/AUD monte.
Si AUD ranfòse ak yon kominike solid de RBA → EUR/AUD desann.Si toude done yo bon, mache a ka rete balanse epi swiv analiz teknik.
Si w ap fè trading, swiv kijan mache a reyaji apre nouvèl sa yo, epi itilize support/resistance sou EUR/AUD pou jwenn bon pwen antre.